Zechariah 1:19
Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Kisa kòn sa yo ye, mèt? Li reponn mwen: -Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte moun peyi Jida yo, pèp Izrayèl la ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat kòn bèf.
20Apre sa, Seyè a fè m' wè kat bòs fòjon ak mato nan men yo.
Cross References
Ezra 4:4Lè sa a, moun ki t'ap viv depi lontan nan peyi a soti pou yo dekouraje moun Jida yo. Yo t'ap kraponnen yo pou yo te sispann travay batisman an.
Ezra 5:3Lè sa a, Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt anplwaye gouvènman parèy yo, moute lavil Jerizalèm, yo mande jwif yo: -Ki moun ki ban nou otorizasyon rebati tanp sa a pou nou mete lotèl ladan l'?
Daniel 12:7Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive.
Habakkuk 3:14Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a, lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou. Je yo gran louvri ak kontantman tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a.
Zechariah 1:21Mwen mande l': -Kisa moun sa yo vin fè la a? Li reponn mwen: -Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte tout pèp peyi Jida a, ki te fè tout moun Jida yo t'ap mache tèt bese. Men, bòs fòjon sa yo vini pou yo fè nasyon yo pè, pou kraze pouvwa tout nasyon ki t'ap pwofite sou pèp peyi Jida a, lèfini ki te gaye yo toupatou.
Zechariah 4:11Mwen mande l': -De pye oliv ki chak bò lanp sèt branch lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch, kisa yo ye?