Zechariah 1:18
Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat kòn bèf.
Bib La
In The King James Version
Then lifted I up mine eyes, and saw, and behold four horns.
In Context
Cross References
Joshua 5:13Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?
2 Kings 17:1Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan.
2 Kings 24:1Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.
Daniel 7:3Kat gwo bèt moute soti nan lanmè a, yonn pa t' sanble lòt.
Daniel 11:28Wa peyi Siri a ap tounen nan peyi l' ak anpil richès l'ap piye nan peyi Lejip. Apre lagè a, l'ap soti pou l' kraze relijyon pèp Bondye a. L'ap fè sa li te gen lide fè a. Lèfini, l'ap tounen tounen l' nan peyi l'.
Zechariah 5:1Mwen wè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon liv an fòm yon woulo papye k'ap vole nan syèl la.