Zechariah 11:7
Se konsa, moun k'ap fè trafik mouton yo peye m' pou m' swen mouton y'ap pare pou labatwa yo pou yo. Mwen pran de baton. Mwen rele yonn Favè, mwen rele lòt la Tèt ansanm. Epi mwen tanmen pran swen mouton yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 27:32Sou chak dis bèt, li te mèt bèf, kabrit osinon mouton n'ap gade, gen yonn ki pou Seyè a. Sa vle di lè n'ap konte bèf nou yo, n'a konte yo pa dis. Konsa, chak fwa nou rive sou dizyèm lan, n'a mete l' apa pou Seyè a.
1 Samuel 17:43Sòlda Filisti a di David konsa: -Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l' yo pou madichonnen David.
Psalms 133:1Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!
Isaiah 40:11Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Jeremiah 5:4Mwen di nan kè m': Se yon bann tèt mare ki pa konprann anyen, yo fin fou! Yo pa konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè.
Micah 7:14Seyè! Aji ak pèp ou te chwazi pou ou a tankou yon bon gadò k'ap pran swen mouton l' yo. Koulye a, pèp ou a rete pou kont li nan yon rakbwa ki antoure ak bon tè. Kite y' al manje nan bèl jaden peyi Bazan ak peyi Galarad jan yo te konn fè l' nan tan lontan an!