Zechariah 13:1
Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 15:2-Pale ak pèp Izrayèl la, di yo pou mwen: Lè yon nonm gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Job 9:30Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'.
Psalms 51:7(051:9) Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton.
Isaiah 12:3Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo.
Ezekiel 36:17-Nonm o! Lè moun pèp Izrayèl yo te rete nan peyi yo a, yo mennen bak yo yon jan ki mete peyi a nan kondisyon li pa ka fè sèvis Bondye ankò. Lavi yo t'ap mennen an te mete yo nan kondisyon yo pa t' ka fè sèvis pou mwen. Nan je mwen yo pa t' pi bon pase yon fi ki gen lalin li.
Ezekiel 36:29M'ap delivre nou anba tout vye bagay mal nou t'ap fè yo. M'ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p'ap janm voye grangou sou nou ankò.