Zechariah 7:1
Katriyèm jou nan nevyèm mwa yo rele mwa Kislev, nan katriyèm lanne rèy wa Dariyis, Seyè a pale ak Zakari.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Moun lavil Betèl yo te voye Charezè ak Regèm Melèk ansanm ak moun pa yo vin lapriyè nan pye Seyè a.
Cross References
Ezra 6:14Chèf fanmi jwif yo menm rebati tanp lan san pwoblèm, avèk ankourajman Aje, pwofèt Bondye a, ak Zakari, pitit gason Ido a, t'ap ba yo ak mesaj Bondye yo. Se konsa yo fin rebati tanp lan jan Bondye pèp Izrayèl la te ba yo lòd la, ak jan Dariyis, Siris ak Atagzèsès, tou twa wa peyi Pès la, te ba yo lòd la tou.
Haggai 2:10Jou ki te make vennkatriyèm jou nan nevyèm mwa nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis la, Seyè ki gen tout pouvwa a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò. Li di l' konsa:
Zechariah 1:1Nan uityèm mwa dizyèm lanne rèy wa Dariyis, Seyè a pale ak pwofèt Zakari, ki te pitit Berekya, pitit pitit Ido. Li ba li mesaj sa a pou pèp la.