Ezra 6:14
Chèf fanmi jwif yo menm rebati tanp lan san pwoblèm, avèk ankourajman Aje, pwofèt Bondye a, ak Zakari, pitit gason Ido a, t'ap ba yo ak mesaj Bondye yo. Se konsa yo fin rebati tanp lan jan Bondye pèp Izrayèl la te ba yo lòd la, ak jan Dariyis, Siris ak Atagzèsès, tou twa wa peyi Pès la, te ba yo lòd la tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Travay la fini sou twazyèm jou nan mwa Ada a, nan sizyèm lanne rèy wa Dariyis.
Cross References
Ezra 3:8Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a.
Ezra 4:24Se konsa yo te rete travay tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Travay la rete bloke jouk dezyèm lanne rèy Dariyis, wa peyi Pès la.
Ezra 5:13Koulye a, yo pretann di Siris, wa Babilòn lan, pa t' ankò fin gen ennan depi li t'ap gouvènen lè li ba yo otorizasyon pou yo rebati tanp Bondye a.
Ezra 6:8Okontrè, men ki jan pou nou boule ak chèf fanmi pèp jwif yo nan travay y'ap fè pou rebati tanp Bondye sa a: N'a pran lajan nan kès wa ki nan men nou an, ki vle di nan lajan kontribisyon n'a ranmase nan pwovens la, n'a renmèt yo kòb tout depans y'a fè, san wete senk, pou travay la pa rete.
Ezra 7:1Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou rèy Atagzèsès, wa peyi Pès la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija.
Nehemiah 6:15Se konsa, apre senkannde jou travay, ranpa a te fin repare. Lè sa a, nou te rive sou vennsenkyèm jou nan mwa Eloul la.