Zechariah 8:7
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò. Se mwen menm k'ap delivre pèp mwen an, k'ap fè yo soti nan peyi ki sou bò solèy leve a ak nan peyi ki sou bò solèy kouche a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Nehemiah 1:9Men, si nou tounen vin jwenn mwen, si nou pran swiv kòmandman mwen yo pou nou fè sa m' di nou fè, yo te mèt depòte nou jouk byen lwen nan dènye bout latè a, m'ap sanble nou, m'ap fè nou tounen kote mwen chwazi pou m' rete a.
Psalms 107:2Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,
Psalms 147:2Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.
Isaiah 11:12Seyè a pral leve yon drapo pou l' fè moun lòt nasyon yo wè li pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo te depòte yo. L'ap ranmase tout moun pèp Jida ki te gaye toupatou sou latè yo. L'ap mennen yo tounen nan peyi yo.
Isaiah 43:5Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou soti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche.
Isaiah 59:19Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Seyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt.