Zechariah 9:11
Seyè a di: -Akòz kontra mwen pase avè nou an, kontra ki siyen ak san bèt yo ofri yo, m'ap fè lage moun ou yo ki te nan prizon, m'ap wete yo nan fon sitèn san dlo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 5:31Men ou menm, ou va rete isit la avè m'. M'a ba ou tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip pou ou moutre yo pou yo ka swiv yo nan peyi m'ap ba yo a.
2 Chronicles 7:17Ou menm pou tèt pa ou, si ou mache devan m' tankou David, papa ou, si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo,
Psalms 40:2(040:3) Li rale m' soti nan twou kote m' t'ap peri a, nan gwo ma labou a. Li mete m' sou gwo wòch la, li fè m' kanpe dwat ankò.
Psalms 102:19(0102:20) Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè,
Isaiah 42:7W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo soti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.
Isaiah 49:9M'a di prizonye yo al lakay nou! M'a di moun ki te chita nan fènwa yo: Soti vin nan limyè a. Sou tout wout yo, y'a jwenn manje pou yo manje. Tankou mouton, y'a jwenn manje sou tout ti mòn.