Isaiah 42:7
W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo soti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 107:10Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn,
Isaiah 9:2Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, koulye a yon limyè vin klere yo!
Isaiah 35:5Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.
Isaiah 42:22Men koulye a, yo fin piye pèp li a, yo pran tou sa yo te genyen. Yo fèmen yo tout nan kacho. Yo mete yo tout nan prizon. Yo vòlò tou sa yo te genyen san pesonn pa delivre yo. Yo piye yo nèt ale san pesonn pa di: Renmèt yo zafè yo!
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Matthew 11:5Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.