Zechariah 9:13
Mwen pral sèvi ak moun Jida yo tankou banza pou fè lagè, ak moun Efrayim yo tankou flèch. Mwen pral sèvi ak moun mòn Siyon yo tankou nepe nan men vanyan sòlda, pou y' al goumen ak moun peyi Lagrès yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 18:32(018:33) Se Bondye ki ban m' fòs, li fè m' mennen yon vi san repwòch.
Psalms 49:2(049:3) gran kou piti, rich kou pòv.
Psalms 149:6Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,
Isaiah 49:2Li mete nan bouch mwen pawòl ki tankou kouto byen file. Li pwoteje m' avèk fòs li. Li pare m' tankou yon flèch byen pwenti, li sere m' nan sakit li.
Lamentations 4:2Nan tan lontan nou pa ta bay moun peyi Siyon yo pou pi bon lò ki genyen. Gade! Koulye a, yo pa vo pase krich tè moun fè ak men.
Daniel 11:32Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'.