Zechariah 9:17
Ala bon sa pral bon nan peyi a! Ala bèl peyi a pral bèl! Jenn gason ak jenn fi pral grandi ak tout grenn jaden ak tout diven yo pral rekòlte nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:11Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
Psalms 36:7(036:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
Psalms 50:2Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.
Psalms 86:15Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
Psalms 144:12Se pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse. Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen tanp lan.
Song of Solomon 5:10Mennaj mwen bèl, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil (010.000) gason.