Zechariah 9:8
Mwen pral kanpe tankou gad k'ap fè pòs nan mitan peyi a pou anpeche lòt lame pase ale vini ladan l'. Mwen p'ap kite gwo chèf vin peze yo ankò. Mwen te wè jan pèp mwen an tan soufri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:1Jakòb menm ale chemen chemen l'. Li kontre kèk zanj Bondye sou wout li.
Exodus 3:9Bondye di ankò: -Koulye a menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo.
2 Kings 19:34M'ap pwoteje lavil sa a. M'ap delivre l' pou m' fè respè tèt mwen, pou m' kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m' lan.
2 Kings 24:1Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Psalms 125:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l', yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.