The Bible Software
bible.software › Zephaniah › Zephaniah 1 › Zephaniah 1:2

Zephaniah 1:2

Seyè a di konsa: -Mwen pral detwi dènye bagay sou latè.

Bib La

In The King James Version

I will utterly consume all things from off the land, saith the LORD.

In Context

1Men mesaj Seyè a te bay Sofoni sou rèy Jozyas, pitit Amon an, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.

3Mwen pral detwi tout moun, tout bèt, tout zwezo nan syèl la ak tout pwason nan lanmè, mechan yo ansanm ak tou sa k'ap fè yo tonbe nan peche. Mwen pral detwi tout moun, mwen p'ap kite yonn sou latè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Read all of Zephaniah 1

Cross References

Genesis 6:7Seyè a di: Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo, san kite yonn. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tout tou bèt kat pat, tout bèt ki trennen sou vant ak tout zwazo k'ap vole nan syèl, paske mwen règrèt anpil dèske mwen te fè yo.

2 Chronicles 24:24Lame peyi Siri a pa t' anpil, men Seyè a te kite l' kraze yon lame ki te plis pase yo lontan paske pèp Jida a te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a. Se konsa Joas t'ap soufri nan men moun Siri yo pou sa l' te fè a.

Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.

Jeremiah 24:8Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip.

Jeremiah 36:29Lèfini, men sa w'a di sou Jojakim, wa Jida a. Seyè a pale, li di konsa: Ou boule woulo liv la, pa vre? Epi ou mande Jeremi poukisa li te ekri wa Babilòn lan gen pou l' vini pou l' kraze peyi a, pou l' touye dènye moun ak dènye bèt ki ladan l'.

Ezekiel 33:27W'a pale ak yo, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale: Rès moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lagè. Moun k'ap viv andeyò yo, se bèt nan bwa ki pral manje yo. Moun ki al kache kò yo nan mòn, nan twou wòch, se maladi ki pral fini ak yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Zephaniah 1:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Zephaniah 1:1Zephaniah 1Zephaniah 1:3 →