Zephaniah 2:4
p'ap rete yon moun lavil Gaza. Lavil Askalon ap tounen yon dezè. Gwo midi, y'ap mete tout moun Asdòd yo deyò. Y'ap depòte tout moun Ekwon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 91:6Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi.
Jeremiah 15:8Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fèk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M' rete konsa m' ba yo kè sere ak kè sote.
Jeremiah 47:1Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Filisti a, anvan farawon an t' al atake Gaza.
Amos 1:6Seyè a di konsa: Moun lavil Gaza yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo.