1 Chronicles 12:18
Lè sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò: -Nou la avè ou, David! Nou kanpe avè ou, pitit Izayi! Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 3:10Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l' al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l' kraze l'.
Judges 13:25Epi lespri Seyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.
1 Samuel 8:12L'ap pran ladan yo pou mete chèf sou mil (01000) sòlda ak chèf sou senkant sòlda. Se yo ki pral pare tè nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekòt li yo pou li. Se yo ki pral fè zam pou li ak lòt lekipay l'ap bezwen pou cha lagè l' yo.
1 Samuel 16:5Samyèl di: -Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m' nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou.
1 Samuel 24:12Se pou Seyè a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou Seyè a pini ou pou sa w'ap fè m' la a, paske mwen menm, mwen p'ap janm leve men m' sou ou.
1 Samuel 24:16Lè David fin pale, Sayil di: -Se pa vwa David, pitit gason m' lan, sa? Epi li pran kriye.