1 Chronicles 12:17
David soti al kontre yo, li di yo: -Si se an zanmi nou vini pou ede m', m' byen kontan nou vin jwenn mwen. Men, si se pou nou trayi m' bay moun ki pa vle wè m' yo, mwen menm mwen konnen mwen pa fè ankenn mechanste, mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. Bondye zansèt nou yo va wè sa, se li ki va pini nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 31:42Si Bondye papa m' lan, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a, pa t' la avèk mwen, koulye a ou ta voye m' ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè, se konsa yè swa li rann jijman li.
1 Samuel 16:4Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la?
1 Samuel 18:3Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li.
1 Samuel 26:23Seyè a va bay chak moun sa yo merite, dapre jan yo mache devan li, dapre jan yo kenbe pwomès yo. Jòdi a, li te lage ou nan men m'. Men, mwen pa fè ou anyen, mwen pa leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a.
1 Kings 2:13Yon jou, Adonija, pitit Agit la, al wè Batcheba, manman Salomon. Batcheba mande l': -Se yon vizit zanmi ou vin fè m' la a? Adonija reponn: -Se sa menm!
2 Kings 10:15Jeou pati ankò. Sou wout li, li kontre ak Jonadab, pitit gason Rekab la, ki t'ap mache vin jwenn li. Jeou di l' bonjou, epi li di l' konsa: —Ou gen menm lide avè m'? Eske w'ap mache avè m'? Jonadab reponn: —Wi, m'ap mache avè ou. Jeou di li: —Si nou dakò, ban m' lanmen. Jonadab ak Jeou bay lanmen. Jeou ede l' moute sou cha lagè a bò kote l'.