1 Chronicles 12:32
Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l', desan (0200) chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:17Li byen kanpe tankou premye pitit yon towo bèf. L'ap gen fòs kouraj yon bèf savann. L'ap bat tout pèp ki sou latè ak kout kòn, l'ap kouri dèyè yo jouk nan dènye bout latè. Wi, se sa tout milyon moun Efrayim yo ak tout kantite moun Manase yo pral fè.
Esther 1:13Se te koutim lan lè sa a chak fwa wa a te gen yon bagay pou l' regle, li toujou pran konsèy nan men moun ki konnen sa ki dwat ak sa lalwa mande. Se konsa, wa a fè chache konseye l' yo pou yo di l' sa pou l' fè.
Proverbs 24:5Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg.
Ecclesiastes 9:18Konesans pi bon pase tout zam pou fè lagè. Men, fòt yon sèl moun ka fè anpil byen pèdi tou.
Isaiah 33:6Li p'ap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k'ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y'a gen pou Seyè a.
Matthew 16:3Nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou latè koulye a?