The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 33 › Deuteronomy 33:17

Deuteronomy 33:17

Li byen kanpe tankou premye pitit yon towo bèf. L'ap gen fòs kouraj yon bèf savann. L'ap bat tout pèp ki sou latè ak kout kòn, l'ap kouri dèyè yo jouk nan dènye bout latè. Wi, se sa tout milyon moun Efrayim yo ak tout kantite moun Manase yo pral fè.

Bib La

In The King James Version

His glory is like the firstling of his bullock, and his horns are like the horns of unicorns: with them he shall push the people together to the ends of the earth: and they are the ten thousands of Ephraim, and they are the thousands of Manasseh.

In Context

16L'a fè tè yo a bay tout kalite bon rekòt. Bondye ki te pale nan touf raje a va ba yo favè l'. Se pou tout benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, paske nan tout pitit papa li yo, se li menm yo te chwazi.

18Men sa li di pou branch fanmi Zabilon an ak branch fanmi Isaka a: Nou menm moun Zabilon yo, se pou trafik sou lanmè nou mache byen. Nou menm moun Isaka yo, se pou komès n'ap fè lakay nou mache byen tou.

Read all of Deuteronomy 33

Cross References

Genesis 48:19Men, papa a derefize. Li di l': -Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tout ap vin yon pèp. Li menm tout l'ap grannèg. Men, ti frè l' la pral pi grannèg pase l'. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.

Numbers 24:8Bondye te mennen yo soti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo.

Numbers 26:37Se tout moun sa yo ki te nan branch Efrayim lan. Lè resansman an, yo te jwenn tranndemil senksan (032.500) gason nan branch fanmi sa a.

Joshua 17:18Tout mòn yo ap pou nou. Malgre se yon gwo rakbwa yo ye. N'a koupe bwa yo, epi n'a pran tout zòn lan nèt pou nou. Pou moun Kanaran yo menm, atout nou wè yo gen cha ki fèt an fè, atout yo fò a, rive yon lè, n'a mete yo deyò.

1 Chronicles 5:1Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit.

1 Chronicles 5:23Moun mwatye branch fanmi Manase ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an te rete nan zòn ki soti Bazan moute nan nò rive Baalèmòn, lavil Sini ak mòn Emon. Yo te peple anpil.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 33:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 33:16Deuteronomy 33Deuteronomy 33:18 →