1 Chronicles 12:38
Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te soti pou yo te fè l' wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 49:8Ou menm, Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou. W'ap kenbe lènmi ou yo dèyè kou. Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou.
1 Kings 8:61Se pou nou toujou kenbe pye Seyè a, Bondye nou an, fèm. Se pou nou mache dapre lòd li ban nou, pou nou fè tou sa li mande nou fè tankou jòdi a.
2 Kings 20:3Li di: —Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.
1 Chronicles 12:33Nan branch fanmi Zabilon an, senkantmil (050.000) sòlda ki konn mache fè lagè avèk tout kalite zam, epi ki te soti pou ede David ak tout kè yo.
Psalms 101:2M'ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w'a vin jwenn mwen?
Ezekiel 11:19M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman.