1 Chronicles 16:1
Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè a.
Cross References
2 Samuel 6:17Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi.
1 Kings 8:5Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a, yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil.
1 Chronicles 6:16Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari.
1 Chronicles 15:3Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.
2 Chronicles 1:4Men, David te fè yo pran Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jearim pou yo pote l' moute lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, li te anba yon tant wa David te fè pou li.
Ezra 6:16Lè sa a, tout pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo ak tout rès moun ki te tounen yo fè fèt, yo fè gwo seremoni pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye.