1 Chronicles 15:3
Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Apre sa, li voye chache tout moun nan ras fanmi Arawon yo ansanm ak moun Levi yo.
Cross References
Leviticus 9:5Se konsa yo pran tou sa Moyiz te ba yo lòd pran an. Yo mennen yo devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, tout pèp la nèt sanble menm kote a, yo rete kanpe devan Seyè a.
2 Samuel 6:17Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi.
1 Chronicles 13:2Lèfini, David di pèp Izrayèl la: -Si nou wè se yon bon lide, si se volonte Seyè a, Bondye nou an, nou pral voye misyon bay tout frè nou yo ki rete toupatou nan tout peyi a, bay tout prèt yo ak tout moun Levi yo nan lavil kote yo rete ak nan savann kote yo fè gadinaj, pou yo vin mete tèt yo ansanm ak nou,
1 Chronicles 15:1David fè yo bati anpil kay pou li nan lavil David la. Li pare yon anplasman pou Bwat Kontra Bondye a, li moute yon gwo tant twal pou li.
1 Chronicles 16:1Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.
2 Chronicles 1:4Men, David te fè yo pran Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jearim pou yo pote l' moute lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, li te anba yon tant wa David te fè pou li.