1 Chronicles 16:17
Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
And hath confirmed the same to Jacob for a law, and to Israel for an everlasting covenant,
In Context
16Se kontra li te fè ak Abraram lan, sèman li te fè bay Izarak la.
18Li te di: M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon pa ou nan byen m' yo.
Cross References
Genesis 17:7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.
Exodus 3:17Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.
2 Samuel 23:5Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m' pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m' genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle.
Isaiah 55:3Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.
Hebrews 13:20Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.