Exodus 3:17
Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:21moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.
Genesis 50:24Li di frè l' yo konsa: -Mwen pral mouri. Men mwen sèten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fè nou kite peyi sa a, l'ap fè nou tounen nan peyi li te sèmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la.
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Exodus 33:3Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la.
Numbers 13:27Yo di Moyiz konsa: -Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l'.
Joshua 5:6Pèp Izrayèl la te pase karantan ap vwayaje nan dezè a. Pandan tout tan sa a, tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri, paske yo pa t' koute Seyè a lè li te pale yo. Se konsa li te di yo li pa t'ap kite yo yonn wè peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a, bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.