1 Chronicles 16:21
Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.
Bib La
In The King James Version
He suffered no man to do them wrong: yea, he reproved kings for their sakes,
In Context
20Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo. Yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt.
22Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.
Cross References
Genesis 20:3Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye.
Genesis 31:29Mwen gen kont pouvwa anba men m' pou m' ta regle ou. Men yè swa, pandan lannwit lan Bondye papa ou la di m': Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.
Exodus 7:15Ale bò kote farawon an denmen maten, lè li pral soti pou l' al bò gwo larivyè Nil la. Al tann li bò larivyè a. Baton ki te tounen koulèv la, w'a kenbe l' nan men ou.
Zephaniah 2:10Se sa ki pral rive moun Moab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Seyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.