The Bible Software
bible.software › Zephaniah › Zephaniah 2 › Zephaniah 2:10

Zephaniah 2:10

Se sa ki pral rive moun Moab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Seyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.

Bib La

In The King James Version

This shall they have for their pride, because they have reproached and magnified themselves against the people of the LORD of hosts.

In Context

9Se poutèt sa, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Moab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon mi n' sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m' yo va pran peyi a pou yo.

11Seyè a pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l', yo chak nan peyi pa yo.

Read all of Zephaniah 2

Cross References

Exodus 10:3Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.

Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.

Isaiah 37:22Men pawòl Seyè a di sou li: Senakerib, lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.

Jeremiah 48:14Ki jan nou ka fè di: Nou se vanyan gason, sòlda brave danje ki konn fè lagè?

Ezekiel 38:14Se poutèt sa, nonm o, bay mesaj mwen an! Ale di Gòg konsa men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a pèp Izrayèl la, pèp mwen an, ap viv ak kè poze san ankenn danje, se lè sa a wava bay kò ou mouvman.

Daniel 5:20Men, li kite lògèy vire tèt li, li vin mechan anpil, li santi li pa kanmarad pesonn. Se konsa yo wete l' sou fotèy wa a, li pèdi bèl plas sa a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Zephaniah 2:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Zephaniah 2:9Zephaniah 2Zephaniah 2:11 →