1 Chronicles 17:7
Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp Izrayèl la, pèp mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 16:11Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini.
2 Samuel 6:21David reponn li: -Se vre. Mwen t'ap danse pou m' te fè lwanj Seyè a ki te pito m' pase papa ou ak tout fanmi ou. Li chwazi m', li mete m' chèf pèp Izrayèl la, pèp li a. M'ap toujou ka danse devan l' pou m' fè lwanj li.
2 Chronicles 6:6Men koulye a, mwen chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo fè sèvis pou mwen, lèfini mwen chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an.
Amos 7:14Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m'. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m' se gade bèt, se okipe pye sikomò.
Matthew 4:18Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.