1 Chronicles 18:12
Apre sa, Abichayi, pitit gason Sewouja a, touye dizwitmil (018.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la.
Bib La
In The King James Version
Moreover Abishai the son of Zeruiah slew of the Edomites in the valley of salt eighteen thousand.
In Context
Cross References
1 Samuel 26:8Abichayi di David konsa: -Aswè a Seyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa.
2 Samuel 7:13Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
2 Samuel 10:10Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a, li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo.
2 Samuel 16:9Abichayi, pitit gason Sewouya a, di wa a konsa: -Monwa, poukisa pou ou kite chen mouri sa a ap madichonnen ou konsa? Kite m' janbe lòt bò a al koupe tèt li!
2 Samuel 20:6Wa a rele Abichayi, li di l' konsa: -Cheba pral ban nou plis traka pase Absalon. Pran kòmandman lame mwen an. Pati dèyè l' anvan li gen tan jwenn yon lavil ak gwo ranpa pou l' chape anba men nou.
2 Samuel 23:18Abichayi, frè Joab, pitit Sewouja, te chèf gwoup trant yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan (0300) moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup trant lan.