2 Samuel 7:13
Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
He shall build an house for my name, and I will stablish the throne of his kingdom for ever.
In Context
Cross References
2 Samuel 7:16Ap toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fotèy la ap gouvènen apre ou, paske m'ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan.
1 Kings 2:4Si ou fè sa, Seyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l' te di m' si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen.
1 Kings 6:12-Lè w'a fin bati tanp lan, si ou mache dapre lòd mwen, si ou fè sa m' di ou fè, si ou kenbe tout kòmandman mwen yo, m'a fè pou ou tou sa mwen te pwomèt David, papa ou.
2 Kings 8:19Men, Seyè a pa t' vle detwi peyi Jida a, paske li te pwomèt David, sèvitè l' la, t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a.
2 Kings 21:7Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l' nan Tanp lan, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.
1 Chronicles 22:9Men li di m' konsa: Ou pral gen yon pitit gason ki p'ap nan touye moun li menm. M'ap fè tout lènmi l' yo toupatou viv byen ak li tou. Se poutèt sa y'a rele l' Salomon. Sou rèy li, peyi Izrayèl la ap viv ak ke poze, san danje ni malè.