1 Chronicles 21:26
Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li, li voye dife soti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Se konsa David bay Onan swasant pyès lò pou anplasman glasi a.
27Lè sa a, Seyè a bay zanj li a lòd pou li mete nepe li nan djenn li ankò.
Cross References
Exodus 20:24N'a bati yon lòtèl an tè pou mwen. Se sou li n'a ofri bèt n'a touye pou boule nèt yo ak bèt n'a touye pou di mèsi. Se sou li n'a ofri mouton ak bèf nou yo. Chak kote m'a di nou pou nou fè sèvis pou mwen, m'a vin jwenn nou la, m'a beni nou.
Leviticus 9:24Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.
Judges 6:21Zanj Seyè a leve baton ki te nan men l' lan, li lonje l', li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife soti nan wòch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Seyè a disparèt devan li.
1 Samuel 7:8Epi yo di Samyèl: -Pa sispann lapriyè Seyè a pou nou, pou l' ka sove nou anba men moun Filisti yo.
1 Kings 18:38Seyè a voye dife soti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche.
2 Chronicles 7:1Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri.