1 Chronicles 21:7
Men, sa David te fè a pa t' fè Bondye plezi. Bondye pini pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
And God was displeased with this thing; therefore he smote Israel.
In Context
Cross References
Joshua 7:1Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.
Joshua 7:13Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m'. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l' nan mitan nou.
2 Samuel 11:27Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l', li pran l' lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pa t' fè Seyè a plezi menm.
2 Samuel 21:14Lèfini, yo antere yo ansanm ak zosman Sayil ak zosman Jonatan yo nan tonm Kich, papa Sayil la, lavil Zela nan pòsyon peyi ki pou branch fanmi Benjamen yo. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè a. Apre sa, Bondye tande lapriyè yo pou peyi a.
2 Samuel 24:10Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l'. Li di Seyè a: -Lè m' fè sa m' fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Seyè, padonnen m', se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.
1 Chronicles 21:14Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil (070.000) moun nan pèp Izrayèl la.