Joshua 7:13
Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m'. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l' nan mitan nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 34:27Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a.
Deuteronomy 13:6Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,
Joshua 6:18Men, nou menm, pa mete men nou nan sa nou gen pou nou detwi pou Seyè a. Si nou pran anyen nan sa nou gen pou nou detwi a, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun.
2 Chronicles 28:10Koulye a menm, nou soti pou nou fè moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo tounen esklav pou sèvi nou. Men nou menm poutèt pa nou, lè nou fè sa, èske nou pa fè sa ki mal tou devan Seyè a, Bondye nou an?
Joel 2:16Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou.
Matthew 7:5Ipokrit! Wete gwo bout bwa a ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la.