1 Chronicles 22:19
Koulye a, se pou nou pran desizyon chache fè volonte Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati tanp Seyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Seyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Seyè a ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:29Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.
1 Kings 5:3-Ou konnen ak lagè David, papa m', te genyen ak peyi ki toupre l' yo, li pa t' kapab bati yon kay kote pou yo adore Seyè a, Bondye li a, toutotan Seyè a pa t' fè l' kraze lènmi l' yo anba pye l'.
1 Kings 8:21Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a ki gen de moso wòch plat kote Seyè a te ekri kontra li te pase ak zansèt nou yo lè li te fè yo soti kite peyi Lejip.
1 Chronicles 16:11Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou. Toujou chache rete devan li.
1 Chronicles 22:16Pou lò, ajan, kwiv ak fè, ou gen sa an kantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Seyè a toujou kanpe la avè ou.
2 Chronicles 5:7Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a anndan tanp lan, yo mete l' nan mitan de pòtre zanj cheriben yo.