Deuteronomy 4:29
Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:1Mwen mete benediksyon ak madichon dèvan nou pou n' chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Seyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m' te di nou,
1 Samuel 7:3Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: -Si nou tounen vin jwenn Seyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Seyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo.
2 Kings 10:31Men, Jeou pa t' bat kò l' plis pase sa pou l' te mache dapre lalwa Seyè a. Okontrè, li lage kò l' nan fè menm peche ak wa Jewoboram ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal.
2 Chronicles 15:2Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.
2 Chronicles 15:12Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.
2 Chronicles 31:21Nan tou sa li te fè pou sèvis Tanp Bondye a, pou lalwa ak pou kòmandman Bondye yo, li te chache fè volonte Bondye ak tout kè li. Se poutèt sa tout bagay te mache byen pou li.