1 Chronicles 24:2
Men Nadab ak Abiyou mouri anvan papa yo, san kite pitit gason. Konsa, se Eleaza ak Itama ki vin prèt apre Arawon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 24:1Apre sa, Bondye di Moyiz: -Moute sou mòn lan bò kote m' ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N'a rete yon distans, n'a bese tèt nou jouk atè pou adore m'.
Exodus 29:9W'a pase sentiwon nan ren yo, w'a mete bonnèt yo nan tèt yo. Se yo menm k'ap sèvi m' prèt dapre yon lwa ki la pou tout tan. Se konsa w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo pouvwa pou fè sèvis Bondye.
Leviticus 10:12Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason ki te rete l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyè a, n'a fè pen san ledven avè l', n'a manje yo bò lotèl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nèt pou Seyè a.
Numbers 3:4Men, Nabad ak Abiyou te mouri nan dezè Sinayi a, lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' gen dwa ofri ba li. Yo pa te gen pitit. Konsa, se Eleaza ak Itama ki te sèvi prèt ansanm ak Arawon, papa yo.
Numbers 18:7Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo.