Numbers 18:7
Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:1W'a pran Arawon ak pitit li yo: Nadab, Abiyou, Eleaza, Itama, w'a wete yo nan mitan moun Izrayèl yo, w'a fè yo vin jwenn ou. W'a mete yo apa pou yo sèvi m' prèt.
Leviticus 7:35Se pòsyon sa yo pou yo pran nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a pou yo te bay Arawon ak pitit li yo, depi jou yo te mete yo apa pou sèvi prèt pou Seyè a.
Leviticus 16:12Apre sa, l'a pran yon recho, l'a plen l' chabon dife tou limen la jwenn sou lotèl la, l'a pran de ponyen lansan santi bon an poud. L'a pote recho a ak lansan an antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a.
Numbers 3:10Men, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo reskonsablite tout travay prèt yo. Si yon lòt moun ki pa prèt ta konprann pou li fè travay prèt yo, se pou yo touye l'.
Numbers 16:5-Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l'. Moun la kite pwoche bò kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi.
Numbers 18:4Y'a travay ansanm avè ou, y'a fè tou sa y'a gen pou yo fè nan kay Bondye a, nan tout travay ki gen pou fèt nan kay Bondye a. Pesonn lòt pa gen dwa travay avè ou.