The Bible Software
bible.software › Leviticus › Leviticus 10 › Leviticus 10:12

Leviticus 10:12

Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason ki te rete l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyè a, n'a fè pen san ledven avè l', n'a manje yo bò lotèl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nèt pou Seyè a.

Bib La

In The King James Version

And Moses spake unto Aaron, and unto Eleazar and unto Ithamar, his sons that were left, Take the meat offering that remaineth of the offerings of the LORD made by fire, and eat it without leaven beside the altar: for it is most holy:

In Context

11Lèfini, se devwa nou pou nou moutre pèp Izrayèl la tout regleman mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz pou nou.

13N'a manje l' yon kote ki apa pou Seyè a. Wi, se pòsyon sa a ki pou ou ansanm ak pitit ou yo nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a. Se sa Seyè a te ban m' lòd fè.

Read all of Leviticus 10

Cross References

Exodus 29:2W'a pran bon farin frans, w'a fè kèk pen san ledven, kèk gato san ledven, men ak lwil melanje nan pa t' la. W'a fè tou kèk gato plat san ledven wouze ak lwil.

Leviticus 2:1Lè yon moun vle fè yon ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyè a, se pou l' fè farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l'a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l'a mete lansan sou li tou.

Leviticus 2:10Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l' nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a.

Leviticus 7:9Tout ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y'a rete pou prèt ki te ofri yo bay Bondye a.

Leviticus 24:9Se pou Arawon ak pitit gason l' yo pen yo va ye. Y'a manje yo yon kote ki apa pou Seyè a, paske se yon pòsyon ki apa nèt pou Bondye nan manje yo ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Se yon regleman ki la pou tout tan tout tan.

2 Chronicles 31:14Kore, pitit Jimna a, yon moun Levi ki te chèf gad nan Pòtay sou solèy leve Tanp lan, te reskonsab resevwa kado moun yo te ofri pou Seyè a paske yo te vle. Se li tou ki pou te separe ofrann yo te fè pou Seyè a ak pòsyon yo te mete apa nèt pou Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Leviticus 10:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Leviticus 10:11Leviticus 10Leviticus 10:13 →