1 Chronicles 25:1
Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 10:5Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye.
2 Kings 3:15Koulye a, al chache yon mizisyen pou mwen. Pandan mizisyen an t'ap jwe mizik, pouvwa Seyè a desann sou Elize.
1 Chronicles 6:33Men non sanba yo ak tout fanmi yo: Nan fanmi Keyat la te gen Eyman premye sanba, ki te pitit Joèl, ki li menm te pitit Samyèl,
1 Chronicles 6:44Etan ki soti nan branch fanmi Merari a te twazyèm sanba a ki te sou bò gòch Eyman. Se pitit Kichi li te ye. Kichi sa a te pitit Abdi, ki li menm te pitit Malouk,
1 Chronicles 13:8David ansanm ak tout moun Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe gita ak bandjo, yo t'ap bat tanbouren ak senbal, yo t'ap kònen twonpèt.
1 Chronicles 15:19Eyman, Asaf ak Etan, sanba yo, te reskonsab pou bat senbal kwiv yo pou fè mizik.