1 Chronicles 27:1
Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason (024.000) ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Pou gwoup ki te desèvis pou premye mwa a, se Jachobeam, pitit gason Zabdyèl la, ki te chèf.
Cross References
Exodus 18:25Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Joshua 23:1Depi lontan Seyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l' yo. Jozye bò pa l' te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li.
2 Samuel 23:8Men non vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan (0800) moun. Li touye tout yon sèl kou.
1 Kings 4:27Douz gouvènè yo te gen pou ranmase pwovizyon wa Salomon te bezwen pou li menm ak pou moun k'ap manje nan palè a, yo chak pandan yon mwa nan lanne a. Yo pa janm kite anyen manke.
1 Chronicles 11:10Men non chèf vanyan sòlda David yo. Se yo ki te soutni gouvènman David la ansanm ak tout pèp Izrayèl la pou l' te ka wa, jan Seyè a te pwomèt moun Izrayèl yo sa.
1 Chronicles 28:1David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm.