1 Chronicles 29:12
Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.
Cross References
1 Samuel 2:7Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò.
2 Chronicles 16:9Seyè a ap veye tou sa k'ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l' ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouraj. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete.
Job 9:19Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?
Psalms 18:31(018:32) Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an?
Psalms 29:1Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
Psalms 62:11(062:12) An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete.