1 Chronicles 29:11
Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 1:1Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
Genesis 14:22Abram reponn wa Sodòm lan, li di l'. Mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a,
Joshua 3:13Lè prèt k'ap pote Bwat Kontra Seyè a, Mèt tout latè a, va mete pye yo nan dlo larivyè Jouden an, larivyè a pral sispann koule desann, dlo a pral gonfle yon sèl kote bò tèt dlo a.
Nehemiah 9:5Apre sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawòl. Yo di: -Leve non, mezanmi! Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou toutan toutan! Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mèsi ni fè lwanj li jan li merite l' la.
Psalms 10:16Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.
Psalms 29:4Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!