1 Chronicles 29:13
Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.
Bib La
In The King James Version
Now therefore, our God, we thank thee, and praise thy glorious name.
In Context
Cross References
Psalms 105:1Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!
Psalms 145:1Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.
Daniel 4:34Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.
2 Corinthians 8:16Ann di Bondye mèsi, li menm ki fè Tit devwe pou nou, menm jan avè mwen!
1 Thessalonians 2:13Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m' t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.