1 Chronicles 29:19
Tanpri, bay Salomon, pitit gason m' lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l' ka bati Tanp lan avèk tout materio mwen fin pare yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:37Se pou nou toujou kenbe prensip ak regleman, lòd ak kòmandman mwen te ekri ban nou pou nou te ka swiv yo chak jou. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
2 Chronicles 6:30tanpri, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo, padonnen yo. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo. Se ou menm ki konnen sa ki nan fon kè moun.
Psalms 72:2Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.
James 1:17Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.