1 Chronicles 29:18
Seyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:6Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l', paske li te pè gade Bondye.
Exodus 4:5Seyè a di: -Men sa w'a fè pou yo ka kwè Seyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou.
Deuteronomy 30:6Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
2 Chronicles 30:6Se konsa yo voye mesaje nan tout peyi Jida a ak nan tout peyi Izrayèl la avèk lèt wa a te siyen ansanm ak chèf li yo. Dapre lòd wa a te bay, men mesaj yo t'ap mache fè konnen: -Nou menm rès pèp Izrayèl la, nou menm ki te chape anba men wa peyi Lasiri yo lè yo te anvayi peyi a, tounen vin jwenn Seyè a, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl la, konsa l'a tounen vin jwenn nou tou.
Psalms 51:10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
Psalms 119:166M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè.