Judges 1:27
Moun branch fanmi Manase yo pa t' rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:32Piga nou pase ankenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo.
Joshua 17:11Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
Judges 1:1Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande Seyè a: -Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan?
Judges 5:19Wa yo vini, yo kwaze fè bò Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan!
1 Samuel 31:10Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran rès kò a, yo kloure l' sou miray lavil Bèt Chean an.
2 Kings 23:29Se sou reny Jozyas, farawon Neko, wa peyi Lejip, te moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al bay wa peyi Lasiri a yon koutmen. Wa Jozyas soti al kontre l' pou anpeche li pase. Rive bò lavil Megido, wa Neko wè l', li touye l'.