1 Corinthians 10:21
Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?
Cross References
Deuteronomy 32:37Lè sa a, Seyè a va mande: -Kote bondye yo a, sa ki te konn pwoteje yo a? bondye yo te konn al jwenn pou pran defans yo a?
Isaiah 65:11Men pou nou menm ki vire do bay Seyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,
1 Corinthians 8:10Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bèt yo ofri bay zidòl.
2 Corinthians 6:15Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè?