1 Corinthians 14:36
Eske se lakay nou pawòl Bondye a soti? Osinon, èske se nou menm ase ki te resevwa li?
Bib La
In The King James Version
What? came the word of God out from you? or came it unto you only?
In Context
Cross References
Micah 4:1Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti an kantite toupatou vin sou li.
Acts 13:1Nan legliz Antiòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl.
Acts 16:9Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te soti peyi Masedwan kanpe devan l' ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedwan, vin pote nou sekou.
Acts 17:10Lè solèy fin kouche, frè yo fè Pòl ak Silas pati pou lavil Bere. Lè yo rive la, y' al nan sinagòg jwif yo.
Acts 18:1Apre sa, Pòl pati, li kite lavil Atèn, li ale lavil Korent.
2 Corinthians 10:13Men, pou mwen menm, mwen p'ap vantè tèt mwen depase limit. M'ap rete nan limit travay Bondye ban mwen an. Nou menm, moun Korent, nou nan limit travay mwen.