The Bible Software
bible.software › 2 Corinthians › 2 Corinthians 10 › 2 Corinthians 10:13

2 Corinthians 10:13

Men, pou mwen menm, mwen p'ap vantè tèt mwen depase limit. M'ap rete nan limit travay Bondye ban mwen an. Nou menm, moun Korent, nou nan limit travay mwen.

Bib La

In The King James Version

But we will not boast of things without our measure, but according to the measure of the rule which God hath distributed to us, a measure to reach even unto you.

In Context

12Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m' mete m' sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo non plis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò.

14Se sak fè, mwen pa t' depase limit mwen lè m' te rive lakay nou ak bon nouvèl ki pale sou Kris la.

Read all of 2 Corinthians 10

Cross References

Psalms 19:4(019:5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.

Isaiah 28:17Jistis, se va mèt k'ap sèvi pou mezire fondasyon an. Seriozite, se va nivo k'ap sèvi pou mete l' nivo. Men, gwo van lagrèl la pral kraze kachèt mantò yo. Dlo inondasyon an pral bwote kachkach nou yo pote ale.

Romans 10:18Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pa t' tande mesaj la? Men wi. Yo tande l' byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesaj yo bay la rive nan dènye bout latè.

Romans 12:6Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l' anonse mesaj ki sòti nan Bondye, se pou l' fè sa dapre lafwa li genyen an.

1 Corinthians 12:11Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.

Ephesians 4:7Nou chak nou resevwa yon kado apa, dapre sa Kris la te bay la,

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 2 Corinthians 10:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 2 Corinthians 10:122 Corinthians 102 Corinthians 10:14 →