1 Corinthians 15:24
Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l' fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Daniel 2:44Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.
Daniel 7:27Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.
Daniel 12:9Li reponn mwen: -Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini.
Matthew 10:22Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.
Matthew 13:39Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo.
Matthew 28:18Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.