Daniel 2:44
Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 7:13Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
Psalms 2:6Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
Psalms 72:1Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la!
Psalms 89:19(089:20) Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf.
Psalms 145:13Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.
Isaiah 60:12Paske y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo. Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale.