Daniel 7:27
Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Psalms 86:9Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,
Psalms 149:5Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.
Isaiah 49:23Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y'ap ajenou devan nou, y'ap bese tèt yo jouk atè, Y'a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p'ap janm wont.
Isaiah 60:11Pòtay nou yo ap rete louvri lajounen kou lannwit. Yo p'ap janm fèmen, pou wa lòt nasyon yo ka pote tout richès peyi yo lakay nou.
Daniel 4:34Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.